| Technology plays an increasingly significant role in improving access to education for people living in impoverished areas and developing countries. |
Teknoloji jwe yon wòl ki vin enpòtan chak jou nan amelyore aksè ak edikasyon pou moun k ap viv nan zòn ki nan mizè ak nan peyi an devlopman yo. |
| Charities like One Laptop per Child are dedicated to providing infrastructures through which the disadvantaged may access educational materials. |
Òganizasyon charitab tankou One Laptop per Child angaje yo pou mete an plas enfrastrikti ki pèmèt moun ki defavorize yo jwenn aksè ak materyèl edikatif. |
| The OLPC foundation, a group out of MIT Media Lab and supported by several major corporations, has a stated mission to develop a $100 laptop for delivering educational software. |
Fondasyon OLPC a, yon gwoup ki soti nan MIT Media Lab epi ki jwenn sipò plizyè gwo konpayi, gen pou misyon ofisyèl devlope yon òdinatè pòtab a 100 dola pou distribye lojisyèl edikatif. |
| The laptops were widely available as of 2008. |
Òdinatè pòtab sa yo te deja disponib depi ane 2008 |
| They are sold at cost or given away based on donations. |
Yo vann yo a pri nòmal oswa yo bay yo gratis, selon don ki disponib. |
| In Africa, the New Partnership for Africa's Development (NEPAD) has launched an "e-school program" to provide all 600,000 primary and high schools with computer equipment, learning materials and internet access within 10 years. |
An Afrik, New Partnership for Africa’s Development (NEPAD) te lanse yon pwogram « e-school program » pou bay tout 600 000 lekòl primè ak segondè yo ekipman òdinatè, materyèl aprantisaj ak aksè ak entènèt nan espas 10 ane. |
| An International Development Agency project called nabuur.com, started with the support of former American President Bill Clinton, uses the Internet to allow co-operation by individuals on issues of social development. |
Yon pwojè Ajans Devlopman Entènasyonal ki rele nabuur.com, ki te kòmanse ak sipò ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton, sèvi ak entènèt pou pèmèt moun kolabore sou kesyon devlopman sosyal. |
| India is developing technologies that will bypass land-based telephone and Internet infrastructure to deliver distance learning directly to its students. |
End ap devlope teknoloji ki pral kontoune enfrastrikti telefòn ak entènèt pou bay elèv li yo fòmasyon a distans dirèkteman. |
| In 2004, the Indian Space Research Organisation launched EDUSAT, a communications satellite providing access to educational materials that can reach more of the country's population at a greatly reduced cost. |
An 2004, Òganizasyon Endyen pou Rechèch Espasyal la te lanse EDUSAT, yon satelit kominikasyon ki bay aksè ak materyèl edikatif epi ki ka rive jwenn yon pi gwo pati nan popilasyon peyi a, a yon pri ki pi ba. |