| Entertainment is a form of activity that holds the attention and interest of an audience, or gives pleasure and delight. |
Divètisman se yon fòm aktivite ki kapte atansyon ak enterè yon odyans oubyen ki pote plezi ak lajwa. |
| It can be an idea or a task, but is more likely to be one of the activities or events that have developed over thousands of years specifically for the purpose of keeping an audience's attention. |
Se kapab yon lide oubyen yon okipasyon men se sitou youn nan aktivite oubyen evenman ki ta devlope pandan plizyè milye lane spesyalman nan objektif pou kenbe atansyon yon odyans. |
| Although people's attention is held by different things, because individuals have different preferences in entertainment, most forms are recognizable and familiar. |
Menm si gen plizyè bagay ki kapab kenbe atansyon moun, paske chak endividi gen preferans nan koze divètisman, pifò opsyon yo toujou idantifyab e familye. |
| Storytelling, music, drama, dance, and different kinds of performance exist in all cultures, were supported in royal courts, developed into sophisticated forms and over time became available to all citizens. |
Ke se Rakonte istwa, mizik, dram, dans, ak diferan lot kalite pèfòmans ki egziste nan tout kilti, yo te konn fèt nan lakou wayal, yo te devlope nan yon fòm sofistike avan yo te vin disponib pou tout sitwayen aprè kèk tan. |
| The process has been accelerated in modern times by an entertainment industry which records and sells entertainment products. |
Pwosesis la te vin akselere nan tan modèn yo akoz endistri lwazi a ki enregistre epi vann pwodui divètisman yo. |
| Entertainment evolves and can be adapted to suit any scale, ranging from an individual who chooses a private entertainment from a now enormous array of pre-recorded products; to a banquet adapted for two; to any size or type of party, with appropriate music and dance; to performances intended for thousands; and even for a global audience. |
Divètisman vin evolye e li vin kapab adapte pou l satisfè nenpòt kilès nan tout nivo, soti sou yon moun chwazi yon amizman pèsonèl nan yon gam ki gen yon pakèt pwodui ki deja egziste; yon fèt ki adapte pou de moun; pase pran nenpòt grosè oubyen kalite fèt la, avèk mizik ak dans ki apropriye pou sa; pèfòmans pou dè milye moun; pou menm rive sou yon odyans mondyal |
| The experience of being entertained has come to be strongly associated with amusement, so that one common understanding of the idea is fun and laughter, although many entertainments have a serious purpose. |
Ekperyans divètisman an vin gen yon gro asosiyasyon avèk konsèp amizman sa ki rann konpreyansyon tout moun de divètisman se plezi ak ri, malgre anpil sous divètisman gen yon objektif ki serye. |
| This may be the case in the various forms of ceremony, celebration, religious festival, or satire for example. |
Se posib pou plizyè fòm seremoni, selebrasyon, festival relijye oubyen satirik pa egzanp. |
| Hence, there is the possibility that what appears as entertainment may also be a means of achieving insight or intellectual growth. |
Kidonk, li posib pou sa ki parèt yon divètisman kapab tou yon sous konesans ak kwasans entèlektyèl. |